[Pawòl 1] : Lontan sa, m pa fouti sonje pyès dat.

Annik m mete lè a, ki moun li te ye, kijan li te rele, pouki kòz, konbe bal li pran…, yon latriye lòt dat file pil sou pil anba popyè je m.

 

Ekstrè nan woman ‘’ GRENNSENK”

[Pawòl 1] : Lontan sa, m pa fouti sonje pyès dat.
Annik m mete lè a, ki moun li te ye, kijan li te rele, pouki kòz, konbe bal li pran…, yon latriye lòt dat file pil sou pil anba popyè je m.
Yo kannale desann youn sou lòt.
Yo tout sanble kou 2 gout san. 
Youn nan kè.
Youn nan tèt.
Lontan sa, chak kou m eseye sonje dat
Chak mo ki soti nan lespri m
S on foumi wouj, 
tou wouj nèt 
216 pat
Ki vin pou jwe bosal nèt 
nan jwèt la !
Lontan sa, dat m sonje se jou 1 Oktòb 1957, dat  premye kouvrefre,  premye flonn malè, premye rèl on fanm touni k ap vonmi san nan je l.Toutouni.
Men moun Kwadèmisyon yo menm, dat yo se jodi a. Noumnem tou dat pa nou se jodi a.

[Pawòl 2] …E jiskaprezan, moun nan Kwadèmisyon gen nan memwa yo tout kòlè ki te nan vwa papa Inèt, lè li t ap reponn GwoJak pou l di li :
… Jak, se pa pou w ap mache di anbachal koze sou Michèl kòmkwa li se malfektè ; e sa l ap fè yo se regleman mazanza. Se pou w vin pale ak mren aklè ; epi, mren, m ap pwofite raple w, kilès, isit, ki te konn fè tout kalte krim e ki te konn plonje tout sèvitè sèvèl wòwòt yo nan fè sa k pa sa. 
M a raple w : 
Ki li ! 
Ki yo! 
Ki fè kisa nan mare move pwen pou kenbe peyi a nan fè nwa!
Paske, mwen, mwen te la. M te nan peyi a wi. E ou konn sa !
Ou pa wè kote nou fout lage Peyi a pandan nou te di nou Avi, ladan l. 
Bann san menmwa !
Kijan sa Pè a (se konsa tout moun nan zòn lan te rele papa Inèt) ? 
Ou konnen ben, sa w ap mache di yo
Bon, m pa fin konnen sou kisa ou vle pale. Poudayè, m granmoun. M pa wè pouki pou m ta pè ni ou ni Michèl.
Sa mwen, mwen di, e m ap repete l ankò. M di, mesye sa yo k ap pran pòz inosan yo la a, yo nan tout bagay…
Tout bagay, kisa !
Se pa wòl ou pou w ap fè jijman sou mesye yo. Mesye yo granmoun nan zafè yo ; m pa wè kijan pou sa deranje w.
Pè a, ou sanble sou pale anpil. Sa mwen di nou, se pa pou y ap pran tout moun Kwadèmisyon pou egare.
Retire w la, Jak. Retire w. Kisa ou konn nan Kwadèmisyon konsa a ? 
Kisa ou fè ki bon konsa a jiskaske pou moun Kwadèmisyon ta kwè ou vle pwoteje l la? …
Tanpri wi ! 
Pa fè lwa m monte m la a non.  Pou raple nou sa nou fè sou tè sa a. Paske kouwè w konnen m te la. Pa ranse n ak mren…
Monchè, w ap pale zafè pa w. Ou te la ou pa te la, tou sa se bobin…
Epi w ap pale ou ka raple sa nou te fè. Kisa nou te fè ? 
Nou te fè sa nou te gen pou n fè. Mete lòd nan bounda vagabon [ki pa vle kite yon peyi mache]
Dènye pawòl sa a enève Pè a nèt. Konsa li di Gwojak : 
Tann mwen.
Nou mete lod! 
Ki lòd?
Ki lòd, fout, m ape mande ?
Lòd kote nou anvayi tè moun. Ratibwaze tou sa nou jwenn. Koupe rache nan tou sa nou jwenn sou wout nou- jan nou vle-lè nou vle…
Lòd kote tout moun ki pa dakò ak nou, nou mande pou l pa viv. Nou pete je. Nou rache zong. Nou filange granmoun kou ti moun ti moso pa ti moso a…
Lòd kote nou fè travayè latè depoze koutodigo, depoze manchèt, depoze sòkò, depoze wou epi ba yo “pyekochon’’ pou y al chache manje kay moun. Konsa nou kreye premye gwoup zenglendo nan leta a, nan 20tyèm syèk la…
Lòd kote nou fè jèn elèv, jèn etidyan pa kwè nan okenn fòmasyon ; lè se pa masakre yo, touye yo, nou rantre yo nan siveye-rapòte ; pote yo trayi frè, sè ak tout fanmi, zanmi sou menm katye ak yo a…
Lòd kote nou fòse yon bann kad, yon bann sèvo, kite peyi a tèlman nou lage represyon ak terè nan dèryè yo poutèt yo vle reflechi yon lòt jan pase sa nou vle fè moun kwè…
Lòd kote nou pran enèji Desalin lan nou trennen l nan labou ; vire l tèt anba jouk nou mete l nan bwè san san rete…
Gade GwoJak, ak mwen !
    Jak, rete tande !
Enèji ki t ap travèse pawòl papa Inèt la kanpe plizyè moun nan lakou a sou kous yo. Menmlè gen anpil lan moun sa yo ki jèn, ki pa gen twòp konesans sou peryòd sa a, Pè a ap dekri a, yo santi pawòl yo gen senserite ; kòmkwa se pawòl ki charye verite ak doulè nan tout yon faz nan lavi peyi a. Konsa apre chak moso pawòl, yo aplodi ak tout dan yo, ak tout kè yo ; epi yo reponn ansanm : “ Ba li ”.
Nan anbyans sa a, GwoJak reyalize li pèdi tout solidarite moun ki te nan espas la. Li pa jwenn mo pou di kwakeseswa ; li santi li izole ; li rann li kont tout zòn lan nèt vle denonse l e pran pozisyon kont li. Se tout moun nèt, sitou medam ki nan lakou a ki sanble vle kanpe anfas modèl pwopagann li konn ap fè yo. Li pran desizyon, jete l.
GwoJak rele yon moto. Mande l deplase ak li.
Pandan l ap monte moto a, papa Inèt kloure l nèt.
Gad figi w non!
Yon lè, w ap gen pou kouri ankò!
Grennsenk !
 

Poète, romancier et nouvelliste, Rodolphe Mathurin, connu sous le sobriquet de Sonson Mathurin, voit le jour à Port-au-Prince le 8 décembre 1967. Fils de Mona Joseph et de Klébert Jean, il perd sa mère à l’âge de huit ans ; il est recueilli, très tôt (à 1 an) par sa gran…

Biographie