Depi apre lendepandans, n ap travèse move pas. Men sa kounyea pi mal pase tout sa anvan yo. Li charye tout kalite tribilasyon nan lavi pèp nou ki prèske enposib. Pou nou reziste, nou chak de tanzantan adopte yon konpòtman diferan. Gen de lè nou se gason kanson ak fanm vanyan ki pare pou batay. Nan lòt moman, nou manfouben.

Depi apre lendepandans, n ap travèse move pas. Men sa kounyea pi mal pase tout sa anvan yo. Li charye tout kalite tribilasyon nan lavi pèp nou ki prèske enposib. Pou nou reziste, nou chak de tanzantan adopte yon konpòtman diferan. Gen de lè nou se gason kanson ak fanm vanyan ki pare pou batay. Nan lòt moman, nou manfouben. Dènye tan sa a yo, mwen te pito an mòd jan l pase l pase, jpp jan yo konn di a. Sa te paralize m totalman patikilyèman lespri m. Men sa pa t pou dire lontan, paske lavi te deside souke m, retire m nan eta zonbi sa a ak yon ti leson sou kesyon prejije.

Rale ti chèz ba n pou m rakonte n ti istwa a. Yon jou, pandan yon ti espas louvri peyi lock la, m te al achte nan yon boutik. Se konsa nan gade mètrès boutik la, m remake l te move kou kong, min li si kou pen rasi, bouch li lonje kou ke lakomèt. Nan tèt mwen, m te gen tan panse ala moun gen move jan e m te menm pare pou m di l li pa ta dwe nan kòmès paske figi l ka fè kliyan yo pè. Men, lè m ouvè bouch mwen, m sèlman mande l pouki l fache konsa. Tou tris, li reponn mwen li pa fache, se yon pwoblèm lestomak k ap fatige l. Mwen mande l si l konsilte doktè pou sa. Li al chèche tout medikaman yo te preskri l ke l te deja kòmanse pran. Mwen pwofite ba l konsèy sou kisa l pa dwe manje e ki ka evite l gen plis pwoblèm ak lestomak la. Lè m prale, m santi ti pale n te fè a te byen rekonfòte l. Poutan, prejije ke m te gen kont li nan gade l sou figi l te ka lakòz nou joure e menm sòti lenmi.

Ti istwa sa a parèt senp, men nan nivo yon sosyete, prejije ka lakòz gwo pwoblèm. Kèk nan nou dwe ap mande kisa yon prejije ye. Se yon opinyon, yon jijman nou pote kont yon moun oubyen yon gwoup moun san bon jan enfòmasyon sou li oswa sou yo. Prejije yo chita sou plizyè baz.

Relijyon se youn nan gwo sous prejije. Nan peyi pa nou, depi w se vodouyizan, ou se dyab. Zòn kote w sòti ka fè yo jije w mal san yo pa pran tan konnen w sou pretèks tèl katye kale anpil vòlè. Eta sante yon moun, kondisyon fizik li gen dwa yon faktè ki fè yo gen prejije kont li tankou sa rive pou andikape yo ke yo souvan pran kòm moun ki pa ka reyalize anyen. Estil yon moun, jan l abiye, jan l penyen, sa ase pou yo kalifye l mal. Pa gen lontan de sa, yo te konsidere tout djyèd kòm gangstè. An jeneral, yo kwè ke fanm twò fèb pou okipe pòs pou dirije. Pandan lontan e jouk jounen jodia, yo pran moun nwa pou enferyè, moun ki pa entèlijan. Depi w nan tèl pati politik, ou se moun sòt, pa egzanp. Atitid ou sifi pou fè yo pran w pou sa w pa ye. Paske dam sa a rezève, li se yon sekwa, yon tilititi. Pase yon moun ka rete yon chay ki lou sou do l jiskaske l mouri menm si li ta chanje. Sa paran w te ye ka yon eritaj ki fè yo gen prejije kont ou. Konbyen fwa yo konn idantifye yon jèn ti fi kòm yon ti pa bon paske manman l te yon pwostitiye. Yo ka baze menm sou laj yon moun pou yo jije l. Ou twò granmoun, ou ekspire. Ou twò jèn, sa w konnen?

Lis la long e nou ta ka ajoute sou li. Sa ki pi enpòtan ke nou dwe konprann, konsekans prejije yo ka grav. Sou plan endividyèl, sa kreye yon bann moun fristre. Sou plan kolektif, prejije ka mennen diskriminasyon, alevwa menm eksklizyon yon seri de moun nan sosyete a. Nan ka ki pi grav yo, yo konn menm rive touye moun ke yo gen prejije kont yo. N ap raple jan yo te touye anpil houngan syèk pase a paske yo te akize yo san prèv de moun ki t ap fè mal.

Nan kèk ka trè ra, prejije konn pozitif e favorize yon moun oubyen yon gwoup moun. Fanm ki sòti nan tèl depatman konn fè manje byen, nou ka anplwaye yo nan restoran an. Menm nan ka sa a, kote yon moun ka gen yon jijman sou yon lòt ki favorab, konsekans lan ka kan menm negatif si sa ta rive ke moun nan pran desepsyon nan sa l t ap espere. 

Pi souvan, prejije bay plis rezilta negatif ke pozitif. Li ka kreye  konfli nan yon kominote, li ka responsab divizyon ki se youn nan pi gwo obstak pou devlopman yon peyi.

Kidonk, avan nou pote yon jijman kont yon moun oubyen yon gwoup moun fòk nou chèche gen bon jan enfòmasyon, aprann konnen yo byen. Fòk nou pa kite santiman nou pran twòp plas nan jan nou pral jije lòt yo. Prejije ka fè sosyete a mete a kote moun ki te ka itil li anpil. Se tèt ansanm, linyon ki mache ak pwogrè. An n kraze tout prejije nan peyi nou pou nou konstwi yon bèl Ayiti kote tout moun ap jwenn plas yo.
 

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie