Nou toujou tande pale konsènan byennèt espò pote pou kò nou ak lespri nou. Dayè, nou fè espò nan divès objektif tankou pèdi pwa, pran pwa, fòtifye misk nou, elatriye. Tout sa, se pou nou ka pote kò nou pi byen e santi nou anfòm e an sante. Gen moun ki prekonize fè espò bonè nan maten, gen lòt ki di li pi bon pou fè sa nan aprèmidi. Menm gen yon kategori moun ki di se nan mitan jounen koze a chita. Lè nou byen gade, èske gen yon pi bon lè pou fè espò? E si wi, ki lè li ye? 

Diksyonè "Larrousse" defini espò kòm yon aktivite fizik ki gen pou vizyon amelyorasyon kondisyon fizik. Ansanm egzèsis fizik sa yo fèt plizyè kote e nan divès kad. Genyen ki fèt sou fòm jwèt endividyèl oswa kolektif e ki mennen konpetisyon, genyen lòt ki senpleman fèt nan yon sal espò osinon adomisil pou satisfaksyon moun ki ap fè l la. Gen divès kalite aktivite nou konsidere kòm espò: jwe foutbòl oswa volebòl, kous apye, natasyon, danse, elatriye. Sa depannde rezilta moun nan ap chèche a.

Pa gen yon lè presi pou moun fè espò. Chak moman yo gen avantaj ak enkonvenyan yo. Nan maten, se yon bon moman pou fè espò, pou reveye kò nou ak lespri nou. Fè espò nan maten pèmèt nou abòde jounen an ak yon lòt enèji, dayè andòfin ki libere yo ap ede n diminye strès ak anksyete. Sepandan, li pa rekòmande pou fè gwo aktivite espòtif twò bonè nan maten, ni pandan yon dire ki twò long e li enpòtan pou n toujou fè echofman avan nou kòmanse, yon fason pou evite dega sa ka koze sou kè nou. Pou moun ki al travay nan maten yo, fè espò ka yon ti jan pi difisil; chwazi yon lòt moman nan jounen an se yon bon opsyon, yon fason pou nou byen dispoze e san presyon.

Fè espò nan aprèmidi

Bò 4-5è nan aprèmidi se yon bon moman pou fè espò. Kò a nan maksimòm tanperati li e pèfòmans li nan wo nivo.  Espòtif la ka pran andirans ak fòs e pouse kò a atenn limit li. Se yon bon moman pou libere tout estrès jounen an, pou fè tranzisyon ant travay ak lakay. Sepandan, yon moun dwe evite fè egzèsis twò ta pou evite twoub somèy.

Nou sandout remake ke pèfòmans nou pa menm selon lè n ap fè egzèsis fizik yo. Kidonk nou dwe kreye yon fason pou nou adapte egzèsis yo ak lè ki pi bon pou nou, ak ki pi bon pou sante nou. Fè espò bon pou sante e pote anpil byenfè nan lavi moun ki pratike l, pou kèlkeswa rezon an. Kòmanse jodya ak yon espò ou renmen, osinon repran abitid sa ou te pèdi a. Ou gen tout pou w genyen nan eseye, osinon rekòmanse.