E si nou te refè Vètyè?

Mache sou yo san nou pa pè.

 

E si nou te refè Vètyè?
Mache sou yo san nou pa pè.
Soti an foul, mil ak milyon,
Montre yo se yo k pou mawon.

E  si nou fè yon kout Kapwa 
Montre a klè nou fè yon chwa 
Pou se lajistis ki fè lwa
Anba drapo premye pèp nwa.

E sin tounen nan deviz nou,
Ale chèche moso lanmou.
Pou n tanmen batay youn pou lòt,
Mare fache ak kòb pou vòt. 

E si nou pran poze keksyon 
Lè nou pa janmè wè aksyon?
E si nou souke tèt di non,
Lè yo ban nou sa ki pa bon...
 

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie