Depi lane 2010,
Tout 12 janvye tris.
Kou dat sa a rive
Solèy nan kè n pa leve.
Depi lane 2010,
Tout 12 janvye tris.
Kou dat sa a rive
Solèy nan kè n pa leve.
Tout sa k rete vivan
Sonje move moman an.
Pa gen yon sèl Ayisyen
Ki pa gen kè l ap senyen.
Goudougoudou te pase
Anpil nan tou te trepase.
Li te vini fè bèl mèvèy
Lage nou tout nan dèy.
Dlo nan je n pa sispann koule
Pou yon zetwal ki te file
Charye avè l yon ekla ri
Brote ale yon bèl souri.
Koulè lakansyèl vin pal,
Vag lanmè yo bankal,
Yon ti kal souf van an koupe,
Yon pati nan tan an kanpe.
Jouk jounen jodi,
Lapenn nou enfini.
Lajwa n manke yon bout
Akòz yo k kite n nan wout.
Zantray nou tout make
Ak sa nou vin manke:
Kit se yon fanmi,
Kit se yon zanmi.
12 janvye,
Ou te san pitye.
Pa gen moun ki pa pèdi
Yon ti moso lavi.
Latests
République Dominicaine: Assassinat d'Orlando Jorge Mera ,ministre de l'environnement.
Cuba-Agatha : Au moins 3 morts sont enregistrés
Haïti-Culture : Installation d’un nouveau conseil administratif de trois membres au Centre Pen-Haïti
Au moins une cinquantaine de fidèles catholiques auraient trouvé la mort dans une attaque armée au Nigeria
From the same category
Roland Garros: Qualification dramatique de Nadal face à Zverev pour la finale
Haïti-Politique :Nomination officielle de Marie Yanick Mezile Lhérisson comme présidente du parti PLANSPA
MENFP-Rapèl : Entèdiksyon seremoni gradayasyon nan nivo preskolè ak nan klas entèmedyè lekòl fondamantal ak nan segondè
L'enquête relative à l'assassinat de Jovenel Moise du média Colombien « Noticias Caracol » prime en Espagne
« Une offrande à la terre nourricière/ Onè respè pou manman latè » : thème retenu pour la célébration du mois dédié à l’environnement en Haïti par le MDE
