Ludnie Etienne soti Miragwan lap viv potoprens depi plizyè lanne

Ludnie se yon jèn fi ki gen 25 lane
Pitit Luda Vernous ki se yon komèsant E Sony Etienne ki se Pwofesè anglè e Pastè
Ludnie soti nan Nip presizeman nan Vil Miragwàn
Li grandi nan yon fanmi kretyen li gen 3 frè
Ludnie aprann 《Marketing et relation Publique》
Li te pran tou 《secretariat de direction》 avèk lang anglè kel toujou ap aprann
Ludnie se yon jèn fi boure talan ki gen don pou chante

ki trè saj e dwòl an menm tan
li renmen ri menm lèl atriste
Li chaje ak konpreyansyon
Li renmen moun
Ludnie renmen lavi
Ludnie renmen rete kote ki gen bon jan enèji kap degaje
Menm jan ak anpil lòt Atis ki te gen chans konnen ke yo ka chante depi nesans yo
Ludnie li menm konn li ka vrèman chante se lel gen 12 lane
Li patisipe nan plizyè konkou
Tankou 《Noël Carraïbe》
Etc

Se toujou yon bèl experyans nan chak konkou li pase
l'aprann plis poul vin meyè
Ludnie repwodwi de tit
Premye an ki se: sim te konnen de Kenny

Dezyèm nan: tranble de Roody
Li gen yon fitiring Avèk yon jèn atis ki rele Marcelo
Mizik sila gen pou tit: Eske nou ap viv
ke nou ka al gade sou paj Youtube li ki se Ludnie Official
Rèv Ludnie se pwodwi pwòp mizik pal pou fè lòt moun ki pat konnenl dekouvril
Nasyonal E entènasyonal
E lòt pi gran rèv Ludnie se louvri yon òfelina poul ede timoun ki nan lari yo paskel renmen timoun anpil
Li gen plizyè pwojè ki an kou

Byento n'ap gen chans dekouvri yo
On bagay Ludnie ap di premye fwa piblikman "Ludnie se yon moun ki trè solitè"