M renmenw plis, w renmen m pi fò

M gen rezon e w pa gen tò,

Konsa ti pale nou nou toujou bout.

M renmenw plis, w renmen m pi fò
M gen rezon e w pa gen tò,
Konsa ti pale nou nou toujou bout.
Pa gen mal pale menm lè ti dout.
Ou pa janmè nan fèm fè jalou,
Si sa rive m pap nan remèt kou.
Gade m ki tap kouri pou lanmou
W debake san zatann, tou dou,
Ou lave je m ak dlo rapadou,
Mwen pran menw fè w danse Yanvalou.
Wap file al jwenn zetwal anwo,
Map vole chire nyaj ki plen dlo,
Pou nou rive menm kote menm lè
Jou kontre jou paka fè nou pè.
Kè w, kè m kenbe menm valè lanmou
Nou 2 chanpyon nan konkou lanmou.

 

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie