Celle de la première résistance Haïtienne face a l'occupation américaine.

Celle de la première résistance Haïtienne face à l'occupation américaine.

Sete yon 23 jen ané1918, yon ekip peyizan lamontay leve kanpe kont abi kove, kont sistèm meriken mete an plas pou fè yo fè wout gratis ti cheri. Eskonbrit la Pete douvan jou 23 jen sa a lè yon jandam ayisyen Fabre Brun monte lamontay pou ale chache peyizan pou voye yo Nan kòve Twen. Yon kolónn peyizan ak manchèt detwa fizi yo té sezi, bare jandamm lan pou yo té tuyel misye sove e li ale pote plent nan kasènn li. Yon lyetnan meriken Moeller voye sejan Latontant ak 4 solda pou ale koresponn ak peyizan lamontay yo. Lè yo rive Bellevue, yo bare bapoubap ak yon gwoup peyizan, 250 pou pi piti ki te gentan pare pou yo. De chef Paul Bayard, ak Numa Desruisseaux a la tet yo ap rele "Aba meriken, aba kóve wout. Des blesses dans le camp paysan et un mort , le gendarme Durok Dumond . Le reste de la troupe s'enfuit vers Jacmel.

 

Le Moeller aprann sak pase a li voye menm jou a very 11 diswa, yon ganizon ak Capitaine O'Neil, Capitaine Franck Verdieu, lieutenant Kirchkoff, sergeant Lafontant a la tet 15 jandamm nan lamontagne pou ale kase revolt la. Yo potko rive Nan mónn Laporte, lambi konnen, yo ansèkle ganizon an, afwontman sa a te fewos anpil, peyizan yo gaye kite sa. Ganizon an rive Bellevue kote l te ranmase kadav Diwok ke yo antere Sou plas. Apresa yo mache boule tout kay yo jwenn nan lamontay, Kapalmine, Kawa, Ka Desnoyer, ka Colin,Bèlvi,Greffier, lakwa, elatriye.

Anpil moune mouri boule andedan kay, yo té derefize soti al jwenn meriken yo. Pami mó yo listwa retni : Tipol Bayard, Silvenó, Silvenis,Enelyen, Larouceur, Delis, Delód,Albert Cadet, Francis Gabriel.

Rezistans lan te kenbe bon ti tan ak yon vanyan fanm mambo Dede , Sou wóchsiwo nan mónn Laporte ki te simaye poud pwagrate sou meriken yo.

Sete premye leve kanpe ayisyen nan listwa lokipasyon meriken, apre sete mwa daout 1918 nan vil Aquin ke yon lot eskonbrit te pete epi fin lane 1918 sete platosantral, ak kako yo..