Tèks ki t'ap pote blan sou nwa yo te ekri an nwa sou blan

Nwasè lespri'n fè'n blanchi po'n, frè'n yo koube ase souvan

Tèks ki t'ap pote blan sou nwa yo te ekri an nwa sou blan
Nwasè lespri'n fè'n blanchi po'n, frè'n yo koube ase souvan
Mank konfyans fè tèt dwategoch menmsi'l te pase vi'l sou ban
Pwomès lavi apre lanmò toujou fè vi'n pase kou van.

Reziyasyon paka fè lòm, reziyasyon kreye esklav
Pouki'w pwojte mank ou sou mwen, melanin po'm sèvi'm antrav
Nan chache moun nan katolik nou animalize vodou
Lonbrik manman'm te pouse'm nèg kidonk m'ap ret nèg jiskobou.

Tristès mwen ka mennen kòlè, kolon, dlo je pa gen koulè
Trip mwen mare kri zantray mwen, kounya tou pa'w pou'w konn doulè
Pwen sa ki te ini senk dwèt pa't reyisi rache respè'l
Fè plas pou twa dwèt libète, yon vwa, yon plim, pou zam tekstyèl.

Menm lè ayè ou te gen kòm, nanm mwen t'ap flannen nan ginen
Se linyon ki pral sèvi pòm pou Adan k'ap viv je fèmen
Nan chak kouch po'm listwa'm jèmen, pousyè solèy la k'ap simen
Libète pa'm fleri anndan'm, se pa ou k'ap pote'l ban mwen.