Mwen fè tout sa m kapab

Pou m renmen w

Pou m viv avè w

 

Mwen fè tout sa m kapab
Pou m renmen w
Pou m viv avè w

Nou abite nan menm kay
Men nou pa ka kontre
Mwen fè tout sa m kapab

Kè m sere
Tankou seri pòt wouye
Pou m viv avè w

Nou kouche menm kote
Kò n pa fouti touche                                        
Mwen fè tout sa m kapab

Vi m tounen yon kòk san zepon
Yon pari nil
Pou m viv avè w

Nou tete menm lang
Nou pa konprann menm pawòl 
Mwen fè tout sa m kapab
Pou m viv avè w