Mwen sonje Plas Dam te espas moun Okay

Se te yon ti kote apa

Se te la tout randevou te kase

Se te yon fyète pou mennen vizitè fè yon balad

 

Mwen sonje Plas Dam te espas moun Okay
Se te yon ti kote apa
Se te la tout randevou te kase
Se te yon fyète pou mennen vizitè fè yon balad

Plas Dam te konn bel ak anpil limyè
bon briz te konn soufle, fè domi nan jem
Ti flè wouj pou fè kolye ak braslè se te defi tout ti fi
Yon kote ki genyen anpil sekrè ki pale

Se te randevou ki pa dwe rate chak dimanch
Pou anpil timoun monte bisiklèt
Genyen ki te konn fè koken
Sa ki pwofite regle kont semenn nan

Plis toujou plas dam se te kote moun damou vinn fè ti koze
Koze ki gen pawol ki dous tankou plim poul nan zorèy
Lòlòj ou vire, pyew pedi tè, lespriw chavire epi tan kanpe
Ooh wi! Plas Dam chaje ti sekrè ladanl

Gen pawol ki paka pale 
Gen pawol se anndanw li rete 
Pawol ki dwe rete sou plas la

Mwen sonje Plas Dam!
 

Randy C. Pierre-Louis est  mariée et a une petite fille d’un an, est née à Port-au-Prince en 1991 mais pour des raisons personnelles, sa famille avait déménagé aux Cayes en 2000. Elle a fait ses études primaires chez les Soeurs de La Providence et les frères Odile Joseph…

Biographie