Zetrenn mwen pa lòt bagay

Se chita nan bon zanmitay

Ap manje bèl plat fritay

 

Zetrenn mwen pa lòt bagay
Se chita nan bon zanmitay
Ap manje bèl plat fritay
Mele blag ak ti tripotay

Zetrenn mwen gen sans kòkòday
Ti koze ki chaje ranstay
Bèl sèman ki pa gen lonbray
Yon woulib ki pa janm fin bay.

Zetrenn pam pa nan pil detay
Se chita anba fetay kay
Tire kont ak ti manmay
Voye jete sa ki bay tray

Ane saa,
Zetrenn mwen pare pou mwen bay
Se kichòy ki sot nan zantray
Souri pou klere lantouray
Lanmou pou nou viv ak lizay
 

A propos de

Fonie Pierre

Fonie Pierre est médecin avec une spécialisation en médecine communautaire, préventive et sociale.
Elle détient aussi un diplôme d’Etude avancée en Population et Développement/ Genre.

Elle est, par ailleurs, membre fondatrice de la Chambre de C…

Biographie