Tout jou sanble, men yo pa menm. Pawòl sa a se yon verite 14 dawout 2021 an grave nan egzistans moun ki abite nan pati sid peyi d Ayiti. Premye pòsyon jou samdi bese leve sa a te pòtre ak anpil lòt ki te pase deja. Lawouze te fin taye banda paske solèy la te deja louvri je l pou l voye kèk bon ti reyon chalè sou ti bout tè nou an. Syèl la te abiye tout an ble klè.

Tout jou sanble, men yo pa menm. Pawòl sa a se yon verite 14 dawout 2021 an grave nan egzistans moun ki abite nan pati sid peyi d Ayiti. Premye pòsyon jou samdi bese leve sa a te pòtre ak anpil lòt ki te pase deja. Lawouze te fin taye banda paske solèy la te deja louvri je l pou l voye kèk bon ti reyon chalè sou ti bout tè nou an. Syèl la te abiye tout an ble klè. Zwazo yo te gen tan mete kò yo deyò pou y al  bouske lamanjay.  Flè yo tou te kòmanse louvri jipon yo pou yo ranmase sa jou a te pote pou yo. Lari a te gen tan mi ak moun ki t ap regle zafè yo. Machin, motosiklèt t ap fè pil bri. Yon bèl jounen te sanble anonse. Poutan, tout aktivite sa a yo ta pral kanpe paske byen bonè  li te tounen yon kochma je klè popilasyon an poko prèt pou l bliye. Li menm ap rete nan memwa anpil moun pou letan e letènite.

Dapre sa save yo di, li te 8 :29 egzakteman nan maten sila a, lè sanzatann tè a pran souke. Toudenkou, yon goudougoudou debake vin dekonstonbre nou. Nan sèlman 30 segonn, soukous li fè dega ki pa rete ak dega. Latranblad sa a chavire pou lontan nan dezolasyon chak kretyen vivan ki te viv li. Li detwi zèv tout lavi yon seri de moun, kite yo de bra pandye ap balanse nan lari a  san yon ti tonèl pou yo pare solèy, van, ak lapli. Menm yon rechany yo pa chape. Pi mal, li etenn kèk zetwal ki te byen klere. Li koupe souf tilavi ki te fèk ap boujonnen. Li kite sikatris nan kò ak nan kè.

Jodia fè 2 semèn jou pou jou depi katastwòf sa a te vin sakaje nou. Men, nou pa bay legen. M ap mande avèk ki materyo yo fè nou menm pèp Ayisyen ! Kisa k ba nou tout fòs sa a pou nou toujou kwè nan yon demen miyò ? Nou toujou  kontinye vanse malgre tout tribilasyon nou yo. 

Ayè oswa, jiska byen ta nan nuit la, gen yon fèt anivèsè nesans kay vwazen a kote a ki te sòti pou fè m pa fèmen popyè m. Twoubadou a t ap byen frape. Pou lajounen jodia menm, si se pat imaj kay yo ki kraze, pou jan lari a te cho, se kòm si anyen pat chanje nan toulèjou nou. Mwen kwaze ak yon machann kann, bourèt li te byen chaje. Pratik legim mwen yo te prezante ak panyen yo plen ak kawòt, chou, bètrav, pòmdetè, zonyon… Machann epis la te pase ofri  pèsi, lay, pwavwon, piman, seleri, powo… Yon gwo kòk ak yon ti poulèt te vle sove nan bra machann poul la. 2 gwo kodenn sou tèt li yo t ap fè mouvman pou yo vole. Ti mache chapantye a te byen djanm. Gen de komès mwen wè anba galri, sou twotwa, mwen mande si gen kliyan ki pral achte . Eske nou imajine m wè  vesèl : vè, tas, asyèt pòslèn, biblo… Gen mèb tou wi atè a tankou chanm a kouche, salon, sal a manje…elatriye !  Menm mesye bò tanbou a te ekspoze tablo ak lòt pwodui atizanal li abitye vann yo kòm a lòdinè. Pou jan koze a te déjà tèt nèg depi avan dezas la, mwen te panse se sa ki endispansab tankou manje ak  medikaman, atik lijyèn sèlman ki t ap jwenn achtè. Men nou kontinye viv lavi nan tout bout li. M reyalize nou kontinye bezwen tout kalite bagay. Kote m chita la a, m santi bezwen pataje santiman m pou m degaje lestomak mwen, gen yon mizik Nulook k ap mete bon animasyon nan yon maryaj nan vwazinay anfas la. Bon, m ta byen fè yon siye pye. Nouvo marye yo gen plizyè ti batanklan yo pral bezwen. 

Respè m pou pèp Ayisyen pa m nan pa sispann grandi lè m gade jan popilasyon an respekte degaje ti machann yo. Pa gen pèsonn ki al vòlè ti biznis yo . Nou regrèt soufrans fè kèk viktim piye kamyon èd ki sou chemen yo e ki prale nan zòn pi lwen. Yo menm tou, yo nan nesesite e bagay ap pase devan yo san yo pa ba yo. Pwovèb la di « Chen grangou pa jwe ». Epi tou, fò k yo pa idantifye tout yon pèp a kèk bandi ak zam k ap simen la twoublay. 

Se pou sa tout plim sou do m drese lè yon seri endividi konprann pou yo pale pèp Ayisyen mal, ba l tout move non pote. Yo plede konpare nou ak tout sa k pa bon. Se kòm si lòt nasyon yo se zanj sèlman epi nou menm Ayisyen nou se malfektè, se sèl sa k pa sa nou konn fè.

 Mwen retire chapo m e mwen mete l byen ba pou m di lonè pou moun mwen yo. Mwen louvri ke wòb mwen tout lajè, m ploye jenou m, m koube do m pou m  salye rezistans ras gason kanson ak fanm vanyan sa a yo. 

Nan tout lapenn nou, tristès mèt ap ravaje tout fon zantray nou, pwoblèm mèt vle fè lespri nou varye, nou kreye lokazyon pou nou souri. Eklari nou toujou kouvri rèl  kriye k ap tranble nanm nou pou nou rele chalbari dèyè  chagren. Nou toujou kwè nan lavi e nou pa pè bay fay avè l pou n kwape lamizè. Nou pa janm pèdi espwa. 

Sepandan, nou pa gen dwa kite sila a yo ki rele tèt yo dirijan yo,  pwofite de kouraj kolektif sa a ke mwen kalifye de enstenktif pou yo pa degaje yo kou mèt Janjak pou yo pran responsabilite yo anvè nou. Yo  dwe fè kou yo konnen pou yo ede n sòti nan dezè sa a n ap travèse depi plizyè lane e ki sanble san fen an. Soufrans nou ogmante chak jou pi plis san yo pa regle anyen pou yon ale mye nan sitiyasyon lanfè n ap viv la. Jiskaprezan, viktim yo poko santi prezans alewè aksyon leta a sou teren an.

Nan youn nan chante l yo, Beethova Obas di « Si nou viv, nou pa moun ». Mwen m deklare n ap viv. E n ap toujou viv paske nou plis ke moun.

 

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie