Mwen te fini pa deplase. Men, sa pat fasil, paske te gen twòp rezon,

Mwen te fini pa deplase. Men, sa pat fasil, paske te gen twòp rezon,

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Yon pèp inosan
Y ap fin souse san.

Paske mwen pè
Kite dèyè 
Yon ti sous dlo
K ap file yon pye wozo.

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Yon bèl jaden
Pwa ki pral donnen.

Paske mwen pè
Kite dèyè 
Yon gode chokola 
Ak pen a manba.

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Frechè ki blayi 
Andedan yon kay pay.

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Yon ti mole 
Nan fèt chanpèt.

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Yon grate bandjo 
Nan twoubadou.

Paske mwen pè
Kite dèyè 
Yon beny larivyè 
Apre yon beny lanmè.

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Yon ti bout tè sakre 
Kote lonbrik mwen mare

Paske mwen pè 
Kite dèyè 
Peyi lanmou m
Ayiti cheri m.
...

 

Marie Johane Brinnius Banatte est née à Jacmel où se déroula sa petite enfance. Puis, elle vécut une grande partie de sa jeunesse à Port-au-Prince pour poursuivre ses études secondaires et universitaires.

Établie depuis environ 20 ans dans la métro…

Biographie